Vendredi 26 avril 2024
Accueil / Publications / Note de Presse / NÒT POU TOUT ABÒNE DINEPA

NÒT POU TOUT ABÒNE DINEPA

 Pòtoprens, 11 fevriye 2019

NÒT POU TOUT ABÒNE DINEPA

Responsab DINEPA yo, nan moman difisil peyi a konnen depi semenn pase a, ap enfòme popilasyon an:

Konpayi ki konn vann DINEPA gaz gen gwo pwoblèm pou pote gaz nan estasyon ponpaj li yo. Sa ki lakoz, li pa ka alimante abòne yo kòmsadwa nan kapital la.

DINEPA ap fè tout sa k posib pou l ranpli kèk rezèvwa nan zòn metwopolitèn lan (Dèlma ak Tijo), yon fason pou alimantasyon an pa kanpe. Pou lòt zòn yo, alimantasyon ap kontinye, depi kondisyon reyini pou vanye yo travay san pwoblèm.

Nan sans sa a, l’ap mande pou popilasyon an pèmèt vanye ak tout lòt teknisyen li yo travay kòmsadwa. Epi, fasilite sikilasyon kamyon dlo ak gaz DINEPA nan zòn sansib yo.

N’ap tou pwofite mande tout konpayi ki ka vann nou gaz pou yo rele nan nimewo sa yo : 4644-3092, 3701-1838.

DINEPA konte sou konpreyansyon nou tout. Mèsi anpil.

Guito EDOUARD

Direktè Jeneral DINEPA

About DINEPA HT

Consultez aussi

APPEL A CANDIDATURE/Technicien en Eau Potable et en Assainissement pour la Commune de Léôgane/ OREPA Ouest

République d’Haïti Direction Nationale de l’Eau Potable et de l’AssainissementAPPEL A CANDIDATURE   Titre:  Technicien ...

Laisser un commentaire

Votre adresse courriel ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *